Radyo Tele Yaguana nan Leyogann detwi anba flanm dife

859

10-07-2023

Leyogann, Ayiti_____(TRiboLAND) Popilasyon Leyogann mande otorite yo pou ankete sou orijin dife ki sakaje Radyo Tele Yaguana jounen jodi samdi 07 oktòb 2023 a, nan Leyogann. Yo egzije pou yo jwen e tradwi koupab yo devan lajistis.

Dife a ki parèt trè misteryez, pote ale yon latriye materyèl ou ekipman. Li mete lapwès nan Leyogann ajenou, sitou pou sa Radyo Tele Yaguana repwezante nan komin nan.

Anpil fanatik ou sitwayen konsekan, pat manke adrese yon seri mesaj solidarite pou Kapitèn Bill, yon jounalis espòtif-kiltirèl konsome ki te mete yon parèy estrikti sou pye.

Comments are closed.