3 bandi koure bwè dlo bouch yo nan vil Kap-Ayisyen.

05-22-2023
KAP-Ayisyen, Ayiti___(TRiboLAND) Popilasyon Fò Jak ak Vètyè ki deside pa viv nan menm zòn ak bandi sangwenn, yon fason pou yo pa anpwazone yo, enskri nan program “Bwa Kale” a 3 prezime bandi koure kriminèl. Pami yo gen pwensipal chèf gang Fò Jak la ak yon lòt akolit li.
Popilasyon an voye yon pinga seren bay tout bandi sangwen ki ta pèdi patiraj pou refijye nan Nò, yo deklare key o prèt pou ta ede bandi yo pote malèt!






