Minis Jistis la detèmine pou fè arete ansyen polisye, Jimmy Cerisier alyas “Babecue”

325

Pòtopwens___(TRiboLAND) Minis jistis ak sekirite piblik la, Mèt Lucman Délile nan yon konferans ke li bay maten ki 10 jwen 2020 an, mande pou Direksyon Santral Polis Jidisyè a (DCPJ) fè tout sa li kapab pou poze lapat sou ansyen polisye Jimmy Cerisier alyas “Babecue” e pi remèt li bay Lajistis.

Minis Délile ki reyitere volonte gouvènman an pou trake bandi ame kap tèworize popilasyon an; konsa, genyen yon latriye operasyon yo pral lanse ni nan Kapital la ak nan plizyè vil pwovens yo, dapwè Alatèt lajistis ki pa sispann demontre detèminasyon li pou swiv bandi ame yo.

Comments are closed.