Responsab FOSNOU yo mande direktè DGI a pou li founi bon jan esplikasyon sou pwoblematik plak motosiklèt yo nan Nòdwès peyi Dayiti.

08 – 15 – 2024
Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon lèt tou louvri ki pote non òganizasyon Fòs Nou ak alye li yo, sekretè jeneral la, Markenley Le Petit Joseph, mande ak Avéus Ilioneur, direktè konstribisyon Nòdwès la, pou li vin bay bon jan esplikasyon sou kòb chofè moto yo ap peye pou plak ke yo pa janm ka jwenn li.
Pou responsab Fos Nou yo, mesaj k’ap klèwonnen nan zafè demann plak motosiklèt yo bay lawouli. Chofè yo gen obligasyon pou yo peye 750 G chak 3 mwa yo pa janm ka jwenn plak, alòske ajan sikilasyon yo pa sispann pyafe sou do chofè moto yo, nan pran kòb pasi pala. Yon sityasyon dapwè responsab Fos Nou yo, ki kreye gwo panik nan mitan Lapolis ak chofè yo.
Nan sans sa a, òganizasyon Fòs Nou ak alye li yo egzije prese prese bò kote responsab kobtribisyon Nòdwès la, bon jan esplikasyon yon manyè, non sèlman pou frennen lèse mate ki genyen ant chofè moto ak Lapolis, men tou pou pote bon jan eklèsisman sou zafè demand plak la.







Mèsi a media TRIBOLAND e felisitasyon a sitwayen sa pask gen anpil chofè moto kap soufri de sa
TRIBOLAND latortue