FRECCH : Force Réelle pour le Changement des Collectivités d’Haïti, menase pou li pran distans ak pouvwa an plas la

339


Revandikasyon Jeneral

Force Réelle pour le Changement des Collectivités d’Haïti (FRECCH), ap avèti lapwès nan tout peyi Dayiti e menm andeyò peyi a, nan okazyon 3 lane depi nou esntale kòm ajan devlopman anndan seksyon kominal yo. Nou menm kazèk jodi a, nou deside ekri la pwès pou n pale avèk tout moun ki konsène nan pi wo nivo leta a. Nap atire atansyon sosyete sivil la ansanm avèk tout popilasyon ayisyènn nan espesyalman sa yo ke yo mete de kote.


Nap fè popilasyon an konnen ke nou genyen 3 zan depi pouvwa a mete nou deyò; se desepsyon, imilyasyon, blòf, manti kontrèman avèk sa nou konn tande. Kazèk yo pagen absoluman anyen nan men yo.

Se pou sa jou k’ap 19 jwen 2020 an, nan okazyon 3èm ane enstalasyon nou, pral genyen yon gwo mouvman leve kanpe k’ap fèt pou n di “NON” e pou nou denonse tout fòm eskluzyon avèk abi n’ap sibi nan men pouvwa anplas la. Konsa, n’ap mande pwese pwese pou Ministè Finans onore relache “Fon” pou pwojè kominotè yo te fè Kazèk yo soumèt ki te estime 731, 000 goud twa santim. Ajoute a sa, 2 zan lwaye 50, 000 goud lwaye ak 8 mwa aryere salè kazèk yo. Konsa, si tout fwa pouvwa a deside chwazi pa okipe revandikasyon nou yo, n’ap pran distans nou epi n’ap kanpe batay anfas pouvwa a nan enterè kolektivite a.

Nou nan yon sitiyasyon kote ke nou pa ka tann! Yo meprize seksyon kominal yo e yo pa mande yo ki mò kit e touye lanperè. Yon lòt fwa ankò nou vle di “NON” e se pa lè gen eleksyon pou yo konnen nou egziste! Dezomè, nou fèk kòmanse batay jiskaske nou jwenn satisfaksyon nan revandikasyon popilasyon ki te vote nou yo.

Pou Kazèk Nòdwès,

Kenry Calixte

Jimmy Derisma

Joseph Fenelus

Iglaner Saint-Rémy

Comments are closed.