Enspektè Jeneral Carl-Henry Boucher ki ta sanble okazyone bouche yo nan Village de Dieu asasinen polisye yo, ofisyèlman nan kanpe lwen pa pwoche

743

03/16/2021

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Depi echèk operasyon swisidè PNH la nan Village de Dieu vandredi 12 màs dènye, anpil enstans pa sispann degaje fwoustrasyon yo. Divès son klòch pa sispan lonje dwàt jouda sou Enspektè jeneral Boucher kòm lawon ki ta bay echèk operasyon an jarèt.

Aprè yon odisyon nan Enspeksyon Jeneral Polis la, otorite konpetant yo arive konfiske zàm Boucher e voye li nan kanpe lwen pa pwoche jiska ke yo mete fen ak yon ankèt ki pa maje anyen ki fwèt.

Comments are closed.