Me 20 rezon ki jistifye ke Ayisyen dwe gonfle ponyèt yo pou yo repwan destine yo ak dinyite yo an men

0 439
  • Ayiti ap soufwi san rete depi plis pase 200 lane paske li te oze pwan libète. Li difisil pou yon moun konpare soufwans Ayiti ak soufwans lòt pèp ki pat pase nan esklavaj.
  • Anpil gwo peyi mete tèt yo ansanm pou redwi Ayiti nan divès mwayen (swa pou yo fini ak li nan kolora; swa yo voye vye manje oubyen medikaman ekspire fè li kado; swa yo kreye yon kondisyon sistematik pou li toujou anba yon depandans etènèl; swa yo eradike tout pwodwi lokal yo yon fason pou kontwole vant peyi-a ak vye pwodwi chimik tankou zèl kodènn, salami..; swa yo detwi ou pwivatize tout endistri konstwisyon yon fason pou yo fè enpoze materyo pa yo tankou fè ak siman; swa yo apwiye pouvwa ki kònpi e ki pwèt pou ta maltirize pwòp pèp li; swa yo pwan lakay kòm yon depotwa pou yo dechaje bato dechè toksik; swa yo mete sitwayen ayisyen dozado ak fwè li; gen nan yo ki menm arive fè Ayiti peye pou endepandans li).
  • Menm jan ak pèp Jwif la, ayisyen viktim, maltirize, maltrete, imilye anpil anpil, sitou tout kote yo pase pou yo jwenn ti kal lavi kòm moun. Enstitisyon kap pwomote zenofobi oubyen rasism, yo pwan yon malen plezi pou fè yon seri estereyotip pwopaje atravè monn lan yon fason pou tout moun arive deteste ayisyen kote yo pase (ekzanp: yo te avanse yon tèz ke se ayisyen ki pote SIDA). Anfen ayisyen tout bèt!
  • Ayiti tounen yon zonbi! Machenn konspirasyon an tèlman redwi dinyite Ayiti, pafwa ou oblije ap mande eske se pèp sa ki te kapòte esklavaj sou planèt la! Yo tèlman jwe sou naivte kèk ayisyen, yo menm fè chèf deta lakay peye moun gwo lajan pou sekirite etranje pandan yo egzije ou kraze lame a.
  • Gade nan ki tenten nou ye la! E sa poko janm fèt nan zye lemonn, pou yon gouvènman asèpte lekòl fèmen nan yon peyi pou tèt li menm sèlman! Fèmen zye-l an ba agoni ak mizè labou santi pèp sa ap naje! San reflèks pou ta menm konstate echèk li, pa kòm dirijan men tankou moun! Sa ki pi rèd, danje ki gen nan sa, ou menm jwenn swa dizan moun ki fòme ki kwè ke Jovenel Moise dwe kontinye fè swa dizan yon manda ke li pa 5% respekte e onore atravè akonplisman yon pakèt manti li tap bay nan kanpay li yo.
  • Kade nan ki kondisyon yap trete ayisyen nan Bahamas menm apwè siklònn Dorian.
  • Kade nan ki kondisyon jènn ap pati ale Chili oubyen Bwezil jis po yo senpleman suviv kòm moun. Alòske yon ekip malad mantal chwazi pa fè menm jan ak Sen Domeng lòske yo asèpte delapide yon masiv Fon Petwokaribe.
  • Gade nan ki kondisyon yon seri ti katye nan Karaib la ki toujou anba kolonizasyon ap eseye imilye ayisyen ki gen yon notoryete, yon grandè e ki te chanje kous LISTWA imanite.
  • Gade nan ki eta yon seri moun tèt pa bon (Pwesidan, Senatè, Depite, Pwemye Minis, Jounalis, boujwa, politisyen, Jij ou Avoka) ki pa reyèlman konnen ki sa yon peyi repwezante, livwe yon peyi nan anachi!
  • Gade nan ki nivo envivab moun ap viv ansanm ak kochon nan peyi a. Machann ap vann sou pil ou sou koto pil fatra. Konsa, anyen pa entèpele konsyans oken dirijan sou sèvis ijyènn nan peyi-a; san nou pa menm bezwen pale de kadav nan lari kap gade anba zye moun kap fè foto pou rezo sosyàl. Valè ou dinyite moun vinn pa anyè pou nou!
  • Gade nan ki eta nou asèpte yo redwi diniyite nou nan yon pwen pou nou bliye pase istorik nou ki chita nan valorize dwa moun e menm okipe e menm libere peyi apwè peyi.
  • Gade ki kantite bagay ke nou te genyen lakay nou (HASCO, chemen fè, Acieri Nasyonal, Fòs ame, transpò aeryen, kochon kreyòl, diri nan Latibonit, izinn elektrik, siman Dayiti, Minotri, Teleko, strikti medikal, edikasyon, sèvis travo piblik, sèvis sante piblik…). Tout bagay sa yo detwi ou disparèt akoz yon seri sèvo wòwòt lakay ki pa konpwann plan global kap pwije Ayiti a depi dig dantan.
  • Gade nan ki eta yo trete dirijan nou yo! Yo kreye sitiyasyon pou fè nou batay yon fason pou nou ka solisite asistans yo; konsa, pou yo ka enpoze yo e gen kontwòl ou nan tout nivo.
  • Ki lwa inyorans ki mare dirijan ak politisyen ayisyen yo ki fè plis pase 200 lane yo toujou poko ka idantifye vwè zanmi yo oubyen ènnmi yo.
  • Ki sa ki anpeche yon dirijan ayisyen rekonèt ke se dwa li pou defann dwa ak vi sitwayen lakay li avan tout bagay.
  • Gade kòman yo kontan pou yo wè nan ki eta peyi ki te pwan endepandans rive nan dènye bawo povwete-a atravè lemonn.
  • Li lè li tan pou nou sèmante e di “ASE“ anba tout fòm okipasyon ki pap fè lòt bagay ke detwi nou antan ke espès ki fè pati planèt Tè a! Ayisyen toupatou dwe ramase karaktè yo yon fwa pou tout! E pwofite opòtinite ki genyen na kriz sa pou mete tout kakachat sou tab la e pi sèmante atravè yon kontra ki define refondasyon peyi-a tankou yon pakèt lòt kote (Wanda, Jamaik, Sen Domeng, Bahamas…) ki 50 lane devanse nou! Tout peyi sa yo arive pwan wout developman sèlman atravè valè ke yo bay sèvo ak resous lakay yo; konsa, yon eseye envèsti nan yon filyè ki fè yo vinn oto-sifizan nan plizyè kad. Li lè li tan pou Ayiti reveye li e di aba kont yon sistèm neokolonyalis kansè sa kap detwi-l kòm pèp.
  • Yon ti ponyen moun akapare tout richès peyi! E yo plis envesti nan kontrebann ak monopolize mache ekonomik kòm yon zam pou pa gen lib komès anndan peyi a. Yo gen kontwòl dwann, wàf pwive e yo pap peye enpo. Kidonk, yo chèche detwi bwat leta yo e finalman achte yo pou senkòb e apwè chaje moun tèt nèg pou sèvis.
  • Nou dwe pase men nan zye nou! Kòman pou ou ta imajine yon peyi tankou Ayiti ki genyen plizyè gwo peyi ki gen kapasite ekonomik kòm zanmi li ap viv nan mizè nwa sa! Gade lavi moun anndan peyi-a; gade nivo soufwans yon pèp ki san lojman, san dlo potab, san swen sante, san resous alimantè, san elektrisite, san swen medikal, san asistans sosyàl, san edikasyon, san sekirite, san asistans ekonomik, san anplwa ak anpil lòt….
  • Ayiti ta sanble li genyen ONG pase tout lòt peyi! Men ki sa ki esplike ke li toujou nan eta lamantab sa! Anpil èd Ayiti resevwa pa janm rive ateri tout bon vwe. Yo voye èd la se vwe, men se ONG yo ki antre vinn atrap li e retounen avè-l kote li te soti a.

Saajès Lakay, TRiboLAND

Leave A Reply