Minis Jistis la ap itilize pwetèks koudeta pou fè wont sèvi kòlè

0 511

Pòtopwens___(TRiboLAND) Minis Jistis ak Sekirite Piblik la denonse dènye mouvman SPNH yo ki te sekwe kapital la nan Dimanch ki te 23 Fevwiye 2020 an kòm yon tentative Kou Deta. Sepandan, analiz estime ke tèz sa pa kenbe e montre ke pouvwa Jovenel Moise la nan total konfizyon ak tèt yo.

Kote ki fè pouvwa Jovenel la mal la, se pa la li kriye! Vye taktik sa yo ou vye sinema demode sa  yo moun pa fini rebute yo paske ke se mak fabwik pouvwa PHTK (Plonje Haiti Tou Kanpe) a pou toujou chèche yon bouk emisfè nan fè wont sèvi kòlè. Atitid je chèch sa, li egziste anpil fwa lakay enkapab ki pa ka delivwe; ki pa gen vizyon; ki pa gen lusidite; ki pa gen oken minimòm kòman peyi fonksyone; e ki wè gouvènabilite nan yon peyi se tankou dirije yon ti chanm kay anpay.

Erezman, vye taktik kouri rele “Tantativ Kou Deta” vinn trè rebutan ke moun pa ka pran oserye; anplis sitou lè li sòti bò kote yon pouvwa ki anemi an konfyans e ki chanpyon nan fabwike manti sitou lè li initil e enkonpetan: pou gouvène, nouri pèp li, lap destabilize pèp li, lap gansterize pèp li, li pa ka netwaye lakay li, li pa fè respèkte pèp li, li pa edike pèp li, lap pwomote sekirite, lap enstitisyonalize oripsyon lakay li, lap simaye zam nan tout geto e menm kokoratize enstitisyon lakay li.

Nòt Minis Jistis la montre yon lòt fwa ankò se inik pwetèks ak taktik gouvènman an pou vanje e elimine moun ki pa pè denonse nivo ki pi ba viris PHTK mete a. Gouvènman Jovenel Moise la ki sanble ak yon sèvo ki san kwomozòm konplètman inyore nan ki maras ak lanfè jamèvu ke yo mete tout moun nan peyi a. Se reyèlman yon dictatè fewòs ki pa antann wè moun viv sou oken fòm nan peyi a; yon sitiyasyon ennimen ke anpil peyi pa vle denonse akoz sipò administrasyon Trump la nap bay Jovenel.

Li difisil pou moun konprann ki antite retade kap panse pou gouvènman sa! Yo pa sispann rele amwey pou tentative Kou Deta alòske yo anfavè Kou Deta nan Peyi Venezwela. Ke rejim PHTK a sispann kache dèyè administrasyon Trump nan ekstèmine peyi Dayiti. Dayè, lè moun ap konsidere nan ki eta krapile ou malpwòp rejim sa ki pa sanble ak oken lòt fòm rejim sou latè ap fè pwòp pèp li pase; se pa Kou Deta sèlman li merite!

Leave A Reply