3 asosyasyon majistra anonse yon aktivite “kanpe travay”

386

Pòtopwens___(TRiboLAND) Asosyasyon Pwofesyonèl Majistra (APM), Rezo Nasyonal Majistra Ayisyen (RENAMAH) ak Asosyasyon Jij Pè Ayisyen (AJUPHA), yo tout mete tè yo ansanm pou yo kòmanse yon “kanpe travay” nan objektif pou atire atansyon leta a e menm denonse mepwi Egzekitif la fas a yon seri gwo defi ki mawonde pouvwa jidisyè a; malgre suplikasyon asosyasyon majistra yo, malgre obsèvasyon grèv bò kote jij yo depi semènn pase.

Asosyasyon yo dekrete jodi mèkredi 10 jwen 2020 an pou demare ak mouvman “kanpe travay” anndan majistrati yo jiska nouvèl lòd. Yo envite egalman tout lòt jiridiksyon atravè peyi a pou pote jarèt bay yon parèy mouvman jis kaske yo jwenn satisfaksyon.

Pami revandikasyon sa yo ou jwen: mèyè kondisyon travay, transfere bidjè envèstisman pouvwa jidisyè bay CSPJ, mèyè kondisyon fas ak rale monte enflasyon an ak nouvèlman pap padap manda jij tribinal pwemye enstans yo ak Koudapèl yo.

Comments are closed.