Kwa Dèboukè: aksidan machenn touye 5 moun e blese plizyè lòt

306

Kwa Dèboukè____(TriboLand) Yon gwo aksidan machenn arive touye yè Samdi swa 5 moun nan Mònn kabwit sou wout nasyonal nimewo 3 a, komenn Kwa Dèboukè.

Dapwè sous fyab, 2 machenn tap trese lèl ak agresivite pou okipe menm wout la e yo finalman al rebondi nan pye Mònn Kabwit tèt nèg. Konsa selon temwen, 5 moun arive mouri sou plas, divès lòt blese e transpòte bwit sou kou lopital.

Comments are closed.