Yon moun mouri e yon machenn bwile rapye tè nan zònn Bèdehènn

0 403

Dodann, Bèdehènn____(TRiboLAND) Yon machenn arive fwape yon motosiklis ki te nan wout travay pou Mawouj, tou pwe zònn Gonaiv, dapwè enfòmasyon TRiboLAND arive rekeyi bò kote Majistra Mòl Sen Nikola ki se Eniya Massillon.

Enfòmasyon yo fè eta de motosiklis, Jean Jr. Césaire ki se kontab konsilè pou Mawouj ta mouri nan yon aksidan ki pa fenn klè kòm kwa pèsònn pa konnen ki lès ki te antò. Aksidan fèt jodi Madi 31 Mas 2020 an tou pwè 2èm Seksyon Dodann anba vant Komenn Bèdehènn.

Konsa, chofè machenn nan te oblije mete van nan vwèl li nan objektif pou li pa mouri anba men popilasyon an. Sa pat pran tan pou soulve anpil andinyasyon lakay popilasyon an ki te sou gwo chòk ak kolè. Se konsa, yo pat pran tan pou mete dife nan machenn nan e menm menase tou pou mete dife lakay pwopwiyete machenn nan.

Leave A Reply