Nòdwès : Yon pasajè mouri e plizyè anplwaye Natcom blese nan yon aksidan machin nan lokalite Pilèt

140
3
Share:
TRiboLAND

01 – 25 – 2025

Mawotyè, Ayiti_____(TRiboLAND) Yon group anplwaye Natcom ki tap soti repare yon antènn nan zo Mawotyè, lokalite Pilèt blese nan yon kondisyon krabinay men estab aswè samdi 25 janvye 2025 lan.

Sepandan, enfòmasyon yo fè konnen genyen yon pasajè ki pa anploye konpayi Natcom lan ki arive pèdi lavi li, alòske se Tonton li ke li te ale ede nan moman an. Viktim nan ke TRiboLAND arive idantifye sou non, Luckenson Saintil, te ale pote yon senti pou tonton li sou mònn kote antènn konpayi telefonik lan plase a. Konsa, tonton an ki pat vle neve a retounen, te ankouraje li rete yon fason pou yo te kapab retounen nan machinn ansanm nan vil Pòdpè.

Se konsa, li te vè 7:00 pm, lè mesye yo te fini ak travay la e pran wout pou retounen. Yon korespondan  benevòl rapòte TRiboLAND ke machin konpayi a ta sanble pèdi fren nan moman li tap desann yon ti mònn; konsa, chofè a ki ta yon anplwàye Natcom pèdi kontwòl e fè manèv pou voye veyikil la al fwape bò yon dig tè ki okazyone mesye soti tonbe. Malerezman machin al rebondi e frape neve ankò, ki mouri sou plas.

Kazèk lokalite a, ki se Ervilus Momust pat pran tan pou pote sekou bay anplwàye krabinen yo. Li te pran yon bon titan pou sèvis anbilansye ki tap soti nan vil Pòdpè prosede ak transpòtasyon 4 viktim yo nan lopital ki pi pre a. Nap sinyale, pèsònn moun pat remake prezans chofè a aprè aksidan an.

Share:

3 comments

  1. Neal Skomo 28 January, 2025 at 02:11 Reply

    I like what you guys are up too. Such intelligent work and reporting! Keep up the excellent works guys I’ve incorporated you guys to my blogroll. I think it’ll improve the value of my site :).

  2. Kiera Schiavo 1 February, 2025 at 15:04 Reply

    Hello There. I discovered your blog the usage of msn. This is a really smartly written article. I’ll be sure to bookmark it and return to read more of your useful information. Thanks for the post. I’ll definitely return.

Leave a reply