HADIC mande pou tout konpatriyòt ayisyen pa fè transfè lajan sou Ayiti pou week-end 18 – 20 jwen 2021 an

543

06/13/2021

Miami, Florid______(TRiboLAND) Conseil Haïtiano-Américain de la Diaspora ki genyen ti non jwèt li HADIC, ankouraje ou dekrete week-end 18 pou rive nan 20 jwen 2021 kòm week-end black-out sou tout transfè lajan sou Ayiti.

HADIC ki santi ke li fatige ak krim dap piyanp gouvènman defakto a komèt sou chak transfè malere yo fè sou Ayiti, mande tout ayisyen ki nan peyi etranje pa fè oken transfè sou Ayiti week-end pwochen.

Konsa, demach HADIC a pa vize pou penalize moun ki nan nesesite transfè yo nan peyi Dayiti, men depreferans egzije pou transfè yo al jwen mèt yo an dola ameriken jan sa te toujou fèt, dapwè Daniel Eugène ki estime ke otorite defakto yo chèche nan tout mwayen imajinab pou pwive pèp ayisyen lajan ameriken sou tout tèritwà a.

Se yon desizyon tou ki bay bank komèsyàl yo jarèt pou yo fè gwo pwelèvman sou tout transfè nan dezavantaj moun kap benefisye transfè yo, dapwè responsab HADIC yo. Konsèy la leve 2 men nan tèt e yo estime se yon sitiyasyon ki entolerab e ki dwe genyen yon pwen final ladan l, dapwè mesye Eugène ki tap depoze.

Li ajoute ke mouvman “week-end black-out” la vize egalman kontrandi sou itilizasyon $1.50 ke gouvènman PHTK a ap pran depi 10 lane sou chak transfè lajan endividyèl kap antre an Ayiti sou kouvèti yon antite jesyonè ki rele FNE (Fond Natinal de l’Education) ki ta sanble ap bay kout tèt sispèk.

Comments are closed.