Pòdpè: Yon aksidan ant yon moto taksi ak yon machin dlo nan Mòn O Pè relanse kesyon sou sekirite wout yo

07/29/2026
Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon aksidan sikilasyon rive nan zòn Mòn O Pè, nan vil Pòdpè, kote yon chofè moto taksi ki t ap soti nan Ri Pie-X antre an kolizyon ak yon machin k ap transpòte dlo ki t ap pran direksyon Chalè. Dapre premye enfòmasyon yo, aksidan an pa fè okenn moun pèdi lavi yo, men li lakòz gwo laperèz pami moun ki te temwen sèn nan.
Plizyè sitwayen fè konnen aksidan sa a montre yon lòt fwa ankò jan neglijans ak mank respè pou règ sikilasyon yo kontinye mete lavi moun an danje sou wout yo. Daprè temwen yo, anpil chofè souvan kondwi ak twòp vitès, san yo pa pran prekosyon lè y ap travèse entèseksyon oswa antre sou gran wout yo.
Apre evènman sa a, divès sitwayen nan vil Pòdpè lanse yon apèl bay otorite ki konsène yo pou ranfòse mezi kontwòl sou sikilasyon an. Yo mande pou chofè moto ak otomobil yo resevwa plis fòmasyon sou kòd wout la, pou respekte prensip kondwit responsab, epi pou lapolis wout la ogmante siveyans li afin diminye kantite aksidan k ap fèt chak jou sou wout yo.






