Manifestasyon nan Pòtopwens lakoz 2 jounalis blese anba bwitalite polis

397

Pòtopwens____(TriboLand) Manifesyon pran chè yon lòt fwa ankò jodi dimanch 7 jwen 2020 an nan Pòtopwens malgre peryòd kowonaviris la kap bay anpil laperèz.

Pami moun ki viktim, ou jwenn 2 jounalis bò kote: medya an liyn “La Brève Info,” Jessica Jourdain ki arive pran yon grenad lakrimojènn nan moman li tap kouvwi manif yon gwoup nan PNH la ki jwenn jarèt bò kote plizyè lòt òganizasyon politik. Grenad la arive touche jenou jounalis la apwè ke lapolis tap fè manèv pou repouse pwotestatè yo ak yon lapli gas lakrimojènn egzajere.

Bò kote pa li, jounalis Johnson César subi bwitalite polisyè fewòs egalman; li resevwa yon grenad lakrimojènn nan tèt. Kondisyon li parèt pi kritik konparativman a sitiyasyon Jourdain an. Selon kèk sous, yo te oblije kouri ak tou 2 viktim yo lopital pou asistans swen medikal.

Ensidan sa yo rive nan kad pwotestasyon bò kote yon gwoup polisye ki tap mande depa chèf deta a Jovenel Moise; liberasyon polisye Paskal kap bwè pwizon swivi de yon seri slogan “nou bouke.” Manif la ki pat sispann jwenn sipò plizyè antite nan sèktè popilè a, te simaye yon pakèt wòch nan plizyè riyèl e boule kawoutchou tankou nan zònn Rezèvwa nan Boudon.

Comments are closed.