Amerik/Diplomasi : Peyi Kiba denonse peyi Etazini pou tèt lap sabote Demokrasi a.

2,350

05-27-2022

Lahavann____(TRiboLAND) Prezidan peyi Kiba a denonse ak tout fòs li, movèz pratik peyi Etazini nan zafè Demokrasi nan Karayib la.

Dapwè sa yon jounal dominiken, Listin Diaro rapòte, preziden peyi Kiba a, Miguel Díaz-Canel denonse ak tout rigè, jounen vandredi 27 me 2022 a sa li rele vye konpòtman anti-demokratik ak enjerans peyi blan meriken nan zafè lòt peyi.

Deklarasyon sa a fèt, apre ke administrasyon Joe Biden nan te fin pran desizyon pou retire peyi Kiba,Venezyela ak Nikaragwa nan Somè Ameriken yo ki gen pou fèt nan mwa k ap vini la.

Kanta pou peyi papa Desalin nan, premye Minis Ariel Henry deja jwen tikè envitasyon li pou yon parèy rasanbleman.

Comments are closed.