Dispozisyon gouvènmantal: dwa pou tente vit machenn (DTV), 10,000 goud

313

Pòtopwens____(TRiboLAND) Gouvènman Moise-Jouthe la, nan yon Tèt kole ministeryèl ki fèt yè Vandredi 5 jwen 2020 an, adopte yon dispozisyon ki makònen ak atik 10 Bidjè a ki deklare yon tcho tcho pou moun ki vle sikile nan “machenn vit tente”.

Konsa, tout machenn ki asure e ki imatrikile kalifye pou yon parèy dispozisyon selon volonte pwopwiyetè yo. Tcho tcho “Dwa Tente Veyikil la (DTV), ki yon valè 10,000 goud ki pral dirèk nan pla men DGI ant 1er Oktòb e 31 Desanm chak lane, dapwè gouvènman MJ a ki konfime validite dispozyon sa pou egzèsis fiskal ki pa kapab divize.

Yon lòt resèt anplis pou moun ki pa bouke pran yo, yon lòt dilèm pou lapolis ak yon lòt opòtinite pou plis bandi maske dèyè vit fè nwa!

Comments are closed.