Japonè yo envante yon twal elektrik ki kapab detwi mikwòb, viris ak bakteri

546

Tokyo____(TRiboLAND) Yon twal ki fè mouvman moun ki mete l la e ki pwodwi elektrisite, reyelman orijinal! E sa ki pi rèd la, kouran elektrik la kapab detwi mikwòb, sant kòporèl, bakteri ak viris.

Sa se nouvo envansyon 2 gwoup japonè, Murata Manufacturing ak Teijin Frontier. Non pwodwi sa rele “Pieclex”, yon twal ki deklinab pou plizyè itilite; kòmanse pou rad ki kapab detwi move odè kòporèl rive nan ekipman pwoteksyon tankou cache nez (mas) ki trè popilè nan moman pandemi an.

Twal la pwodwi elektrisite chak fwa li tire e li kontrakte, espesyàlman lè genyen mouvman abityèl moun ki mete l la fè; elektrisite ki pwodwi a tèlman fèb ke yon moun pa menm ka santi sa, men malgre sa li kapab touye mikwòb, bakteri ak viris ki nan twàl la, dapwè sa 2 gwoup yo deklare.

“Nou kapab anpeche pwoliferasyon bakteri ak viris ke nou deja teste a 99,9%”, dapwè chèf rapòtè Mutara a. Pwochen etap la, se wè kòman twàl la kapab elimine egalman nouvo tèt san kò kap ravaje moun nan tan sa ki se “kowonaviris”.

Nap raple w, 2 gwoup yo gen difikilte pou yo arive jwenn viris la pou pèfòme tès yo akoz yon seri regleman ki trè konplèks nan kad jere maladi enfektyez bò kote enstans konpetan yo.

Comments are closed.