LETA AYISYEN, yon veritab eskanmòtè, dechèpiyè ou grenn senk!

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Divès sitwayen nan vil Pòdpè, pami yo Me Ychmuth Corneille alyas Rambo, denonse e menm kritike konpòtman Leta Ayisyen li di ki lwe yon ansanm kay nan men patikilye yo e ki pa deside peye yo chak fwa dat la rive nan bout li. Mete sou sa, Leta fè moun sa yo anpil egzijans nan DGI (DIREKSYON JENERAL ENPO) lè li deside peye yo lajan sila.
Konsta Me Ychmuth Corneille yo arive fèt selon revelasyon yon kliyan li Leta dwe 14 lane lwaye kay. Se Yon espas Leta te lwe nan Ri Notre Dame, Lakoup, pou swen terapetik pou yon montan 150 000 goud; se yon espaski te loje yon seri medsen kiben. Kidonk, Leta, pa janm peye yon goud nasyonal.
Me Corneille rapousib pou’l di ” se pa li menm sèlman kòm avoka ki twouve’l nan sitiyasyon sa yo, men se majorite sitwayen nan site Kapwa Lamò a, ki lwe Leta kay yo e ki twouve yo nan pwoblèm ak yon parèy antite eskanmòtè, ki pa vle onore dèt li.
Me Corneille site yon dividal lekòl piblik nan Metwopól Nòdwès la tankou : Amelia Jean Baptiste, Saint – Martin Archille,Valilas Ilavois, Capois Lamort, Lycée des Jeunes Filles, yon seri espas prive kote pwopriyetè yo oblije mete Leta deyò nan yo pou move peyè.
Nan sans saa, jiris la, Me Ychmuth Corneille ankouraje sitwayen yo, pa antre nan lojik lwe Leta Ayisyen kay, paske mouche sila ki rele Leta a, pa janm enterese peye dèt li. Se yon veritab grenn senk, kap pwopaje yon kilti kòripsyon!






