Rate dlo nan Pòdpè : Kriz gaz ak mouvman pwotesyasyon yo koz moun yo gen difikilte pou jwenn dlo trete

1,587

09-22-2022

Pòdpè, Ayiti ____ (TRiboLAND) Depi kèk jou, majorite moun nan site Kapwa Lamò a, gen gwo difikilte pou jwenn dlo trete. Kote ki trete dlo yo gen difikilte pou jwenn enèji, sa lakoz yo pa ka alimante moun kap vann yo. Sitiyasyon pou moun fè gaz nan ponp, vin pa diferan ak sitiyasyon pou moun rive achte yon galon dlo. Ou oblije pran yon liy, oubyen nan gwo pouse pou rive jwenn yon ti tèk dlo; e anpil fwa se aprè anpil pelerinaj ak tanpri souple pou jwenn ti dlo a.

Mouvman pwotesyasyon kont gouvènman defakto Ariel Henry a, vin koz bagay yo vin pi egzajere. E dlo se yon bagay ki endispansab nan fonksyonman moun. Yon pwoblèm ki vin jeneral nan tout peyia.

Anpil spesyalis nan sante konseye moun yo, nan moman rate dlo sa pou yo bouyi dlo se yon altènatif ki san danje pou sante yo. Sant kontwòl prevansyon maladi (CDC) ap fè tout moun konnen, dlo a dwe bouyi ant youn (1) a twa (3) minit depandamman de volim dire a. E sa sifi pou elimine tout mikwòb ki ladan-l.

Daprè CDC toujou, dlo yon moun ka bouyi; se dlo potab, dlo dous, li ka dlo rivyè ou dlo sous. Se sitou dlo ki klè, ki pa gen salte, bèt, ki pa gen sant metalik ou sant ou pa rekonèt paske dlo yo konn gen metal ki lou, tankou mèki ak plon ki se gwo danje pou sante moun.

Dlo bouyi a konn gen yon gou frèt, se paske-l pèdi lè ki te ladan-l nan bouyi a. Pou rezoud pwoblèm sa, aprè li fin bouyi, bwase-l pandan kèk minit pou-l repran gaz, kap pèmèt gou a aleje. Espesyalis nan sante yo fini pou di, evite mete kloròks nan dlo bouyi a, paske li pa gen mikwòb ankò.

Dlo bouyi a ka rete pandan plizyè semèn, men pa nan resipyan ki sal paske sa ap koz li kontamine.

Comments are closed.