Kovid-19 la antre nan UCREF: 5 anplwayè enfekte

357

Pòtopwens____(TRiboLAND) Plizyè enstitisyon piblik nan peyi Dayiti pa epanye anba atak kowonaviris la; fwa sa, se tou pa Unité Centrale de Renseignements Financiers (UCREF) ki touche anba grif pandemi an ki deja etènn souf plizyè sitwayen nan diferan enstitisyon leta.

Konsa, 5 anplwayè UCREF teste pozitif rann enstitisyon an kagou. Anpil gwo mezi pran pou redwi kapasite va e vyen kap fèt nan batiman ki loje plizyè sèvis tankou sèvis achiv, CONALD ak BAFOS la.

Sous kwedib nan UCREF ta fè eta gwo dispozitif ki pran pou ede kontrekare pwopagasyon viris la e pou envite egalman lòt anplwayè fè tès depistaj la nan yon lopital nan komenn Delma.

Comments are closed.