Direksyon depatmantal Polis Nòdwès la deja mete anplas yon pwotokòl operasyonèl pou sekirize kanaval la nan vil Pòdpè

240

02/14/2021

Pòdpè_____(TRiboLAND) Nan yon konferans ke li bay samdi 13 fevriye 2021 an, Direksyon depatmantal Polis Nòdwès la fè eta de enplemantasyon yon plan sekirite ki pràl fasilite bonjan dewoulman Kanaval Nasyonal la nan vil Pòdpè.

Pou otorite yo, Pòdpè ki se yon zòn lapè, pap kapab nan oken ka tolere nenpòt ki moun vin trouble pè sa. Konsa, responsab yo pa espere jwen tròp kontrent fas eleman subvèsif ou mal entansyone ki kapab kreye pètubasyon onivo trankilite piblik pandan 3 jou gra yo.

Daprè Gran Toryan PNH la genyen egsistans yon fuzyon ant dirèksyon rejyonal la avèk plizyè lòt antite sou plan nasyonal ki vin ranfòse pwotokòl operasyonal ki gen pou aplike a. Konsa, plizyè kontinjan inite defwap, SIMO ak UDMO ap fè pati fòs sekirite entèvansyonis oka ou ta genyen trouble daprè responsab dirèksyon depatmantal polis nòdwès la ki estime ke yo plis ke pare pou yon parèy evenman kanavalès.

Paralèlman, yon servis ponpye ki soti nan depatman Nò ap sinyale vil la e yon flòt anbulans ki te akonpanye yon karavan ki konpoze avèk yon pakèt gran Toryan nan monn musikal ayisyèn, arive egalman nan site Kapwà Lamò a nan aprè midi, 13 fevriye 2021 an. Karavan sa ki te genyen nan tèt li, Sweet Micky te oblije mete tèt li deyò nan sunroof machin li pou li te resevwa akèy ou aklamasyon yon foul moun tou pre chan avyasyon an ki se episant aktivite kanavalès yo. Antouka yon latriye vedèt tout plimay fè yon antre triyonfàl nan vil Pòdpè nan yon konsè sirèn ki anonse yon anbyans koulè ak yayad san parèy. Alòske yon video kap sikile sou rezo sosyàl yo mete an vedèt pwemyè Dàm repiblik la ki tap prezante byenveni a tout sa yo ki fè deplasman pou vin bay jarèt a yon parèy evenman.

Nap sinyale, tout otèl yo plen ragagann; vil Pòdpè pa gen kote pou pike epeng avèk vizitè ki ta sanble genyen difikilte ebèjman alòske pweparasyon yo te kontinye pandan tout lanwit samdi 13 fevriye a kote ke moun te ka remake vizitè ak yon bon pòsyon nan popilasyon an preske ap sikile e vake ak aktivite yo pandan tout lanwit.

Sa ki pi rèd, otorite yo espere resevwa yon lòt karavan moun pandan jounen dimanch 14 fevriye a, yon sitiyasyon ki pràl anjandre anbouteyàj tout kalite; petèt, etann mwayen lojistik yo nan zòn komin Lapwent, Chansòlm ak Sen Lwi Dinò, se mèyè solusyon ideal nan sans sa.

Comments are closed.