3 gwo kout loray ke moun poko janm tande kreye yon van panik nan vil Pòdpè

352

Pòdpè___(TRiboLAND) 3 Gwo kout loray kreye gwo van panik vè 5:30 pm jodi mèkredi 22 jwiyè 2020 an nan vil Pòdpè. Selon enfòmasyon ki arive jwenn sal redaksyon TRiboLAND, van panik ak gwo leve kouri yo arive fèt nan site Kapwa Lamò ki reyèlman jouska prezan sou chòk aprè 3 gwo detonasyon enkwayab kout loray ki prodwi kèlke minit talè a nan vil la.

Lawouli, sezisman ak detonasyon okazyone anpil moun nan popilasyon an pete kouri anba sezisman kòm kwa yon fenomènn ke yo poko janm viv nan vi yo. Plizyè ti machann ki te egalman sou chòk te kouri ki te dèyè ti demele ke yo tap jere. Se yon leve kouri apokaliptik!

Sepandan, responsab yo nan vil la ki toujou ap eseye konprann sa’k fèt la pa fè eta de dega materyèl ou vi imènn. Divès antènn stasyon radio ki tap emèt nan moman an ta sanble subi kèk domaj, selon rapòtè Radio Marconi yo ki tap poze divès sitwayen kesyon kèk minit aprè panik la.

Konsa, yon latriye machann te oblije ranmase tout machandiz yo kèk ti tan aprè yon parèy evènnman.

Comments are closed.