Pòdpè: Yon machenn boule rapyetè, pasajè yo sove de jistès

Pòdpè__(TRiboLAND) Li te vè 1:56 nan apwè midi konsa lè yon machenn ki asire trajè Pòdpè – Remon pwan dife nan ri Dimasè Estime tou pwè estasyon gaz Shell National la nan vil Pòdpè. Vehikil sa ki te chaje pasajè tap fè wondèmon pou-l te derape malgre manèv pase kle chofè-a.
Selon temwen ki tap bay jòf, deklare ke tout pasajè yo te oblije desann alòske chofè-a te oblije ap fè manèv avèk kab pou teste kouran machenn nan. Se konsa, bwit sou kou, yon sèl deblozaj eklatman eksploze machenn nan ak tout machandiz ki te la dan-l. Konsa, se te panik nèt ale!
Tout moun ki te nan zònn nan leve kouri kite biznis ak rezidans akòz dife ki te gentan ap vale tèren. Plizyè machann gaz e gazolenn atè te oblije ap trese lèl pou chape pou-l yo anba male pandye ki te ka griye yo sann e pousyè. A pa de sa, flanm dife tap fè chapito anba zèsèl yon poto elektrik kote yon twansfòmatè tap bay anpil kè sere.
Nou dwe sinyale ke tout fil kouran nan zònn dife-a te deja sot tonbe nan yon lari ki chaje ak moun kap bwase, taksi moto ak anpil estasyon machenn ki bay anpil lawouli. Nan yon zònn ki chaje ak trafik, se sèl Pè Letènèl ki pwezève lavi yon nich moun ki pa arive griye nan ri Dimasè Estime nan vil Pòdpè jounen jodi-a.
Jean Herold Etienne, TRiboLAND






