Kowonaviris: sistèm jidisyè ayisyen an enfekte, 3 manm arive mouri

329

Pòtopwens___(TRiboLAND) Nan yon nòt ki sòti madi 2 jwen 2020 an, pwezidan Association Nationale des Greffiers Haitiens (ANAGH), Mèt Ainé Martin ekspwime doulè li apwè ke sistèm jidisyè ayisyen an pèdi 3 pèsonalite.

Kidonk, pèsonalite sa yo se: Mèt Louis Mary Altès, grefye nan tribinal pwemye enstans Pòdpè, Mèt Jean Lesley Antoine, grefye nan tribinal pwemye enstans Pòtopwens, ak Mèt Salnave Exantus, avoka nan Bawo Pòtopwens e responsab Sèvis jiridik pou Achiv Nasyonal ki arive mouri akoz sentòm kowonaviris.

ANAGH, atravè Mèt Martin pataje pènn ak doulè fanmiy kòlèg sa yo espesyàlman avoka nan Bawo Pòtopwens lan ak Federasyon Bawo Dayiti ak tout majistra repiblik la ki touche nan sikonstans lanmò trajik sa yo.

Comments are closed.