Kowonaviris: Espayn anrejistre zewo mò nan dènye 24 èdtan yo

333

Madrid____(TRiboLAND) Sa fè pwemye fwa depi 3 mwa peyi Lespayn pa anrejistre yon nouvo lanmò nan kovid-19 la. Se sa otorite yo anonse nan dènye 24 èdyan sa yo.

Depi 3 mas dènye Espayn te toujou ak anrejistre chak jou anpil nouvo ka enfekte ki te konn bay tèt fè mal; “Sa se yon done ki trè trè pozitif”, dapwè Fernando Simon, Alatèt Sant Alèt Sanitè yo ki tap bay yon konferans pou lapwès.

Peyi a, ki se youn pami say o ki pi touche anba pandemi a nan lemon, te totalize yon vale 27,127 mò e 239,638 ka avere, dapwè yon bilan kit e sòti yè lendi 1 jwen 2020 an bò kote Ministè Sante.

Peyi Espayn toujou deside kenbe rèd mare “rasanbleman pa pakèt” yo anba restriksyon. Konsa, Fernando toujou mete sou pennga reyinyon pa pakèt yo ki toujou entèdi; tankou fèt kit e reyini yon latriye jènn samdi swa nan vil Tomelloso.

Avèk fe epidemi an ki desann, Espayn mete soup ye yon dekonfinnman ti moso pa ti moso, selon diferan rejyon; yon desizyon chèf gouvènman an, Pedro Sanchez swete wè fini apati pwemye jwiyè.

Comments are closed.