Yon lòt malèz, yon lòt kadav, yon lòt Gran Toryan tonbe nan mwens 24 èdtan nan enstitisyon PNH la

329

Pòtopwens____(TRiboLAND) Lakwa pou yon lòt fwa ankò vizite enstitisyon PNH nan mwens 24 èd tan. Li chwazi fè pran Joel Gentillon Lendi swa ki te 1 jwen 2020 nan poman yo tap transpòte l lopital.

Joel Gentillon te responsab Corps Intervention et de Maintien d’Ordre (CIMO) li mouri apwè yon malèz e kèk èd tan kote enstitisyon polisyè a tap kriye  sou kadav Carmel  Florent, Alatèt Direksyon Sikilasyon ak Polis Woutyè, yon lòt Gran Toryan ki li menm tou te mouri apwè yon malèz.

Ke nanm Joel Gentillon repose nan lapè!

Comments are closed.