Repiblik Dayiti ak Repiblik Dominikènn vle devlope bonjan kòkòday pou batay kont kovid-19 la

0 337

Pòtopwens____(TRiboLAND) Yon bout jounen travay yè Madi 5 me a ant Ministè Afè Lòt bò Dlo ak Kult peyi Dayiti a, Claude Joseph e ak omològ dominiken li, Miguel Vargas Maldonado nan kad tèt kole ant 2 peyi yo pou rele chalbarik dèyè kovid-19 la sou lil la.

Antouka, atelye travay sa te mete anfaz sou plizyè pwen; pami yo ou jwenn: dosye viza etidyan ayisyen yo e avèk pwoteksyon dwa konpatriyòt ayisyen yo nan repiblik Dominikènn.

Konsa, 2 chanselye yo te asèpte repedale ak Commission Mix Haitiano-Dominicain yon fason pou fasilite kowòdinasyon travay yo.

Leave A Reply