Kovid-19 : Etazini bay Ayiti 50 konsantratè oksijèn medikal pou konbat Kovid-19 la kap fè raj

524

06/09/2021

Potopwens______(TRiboLAND) Chaje Dafè Anbasad Etazini an, Nicole Theriot renmèt responsab ayisyen yo madi 8 jwen 2021 an, yon don 50 nouvo konsantratè oksijèn pou ede konbat kovid-19 la kap vale teren atravè peyi a.

Yon parèy èd antre nan kad yon efò ki pi laj e ki vize delivwe ekipman oksijèn ak asistans teknik yon fason pou rafòse ekosistèm medikal ayisyen an kap pran lanm. Toutfwa, yon parèy don temwanye angajman peyi Etazini nan ede Ayiti fè fas kare ak pandemi kovid-19 la.

Konsantratè sa yo fèt egzakteman pou malad kovid-19 ki gravman grav e ki nan nesesite oksijèn medikal. Yo bay yon sous enèji ki trè ekonomik pou peyi a kote ke endistri oksijèn medikal la pa reponn ak deman ki sou mache a. Konsantratè sa yo pa bezwen ranplisaj anplis, yo trè fasil pou moun enstale ak itilize; yo pa menm jan ak bonbòn oksijèn medikal yo.

Li enpòtan pou sinyale ke peyi Etazini, atravè Ajans Etazini pou Devlopman Entènasyonal (USAID) bay 18 milyon dola pou ede 11 peyi pami yo Ayiti, fè fas ak pwoblèm alimantasyon oksijèn medikal nan kad batay mondyàl kont Kovi-d 19 la.

Comments are closed.