Depatman Gran Dans pwan gwo fwapman move tan ki koz divès domaj

0 315

Jeremi, 18 Dawou 2019_Gran Dans subi gwo fwapman entanperi ak domaj ayè Vanderdi swa 16 Dawou 2019 la. Enfòmasyon yo arive jwenn Triboland atravè rapò Direksyon Pwoteksyon Sivil (DPC) yo ki fè eta de gwo sakad van kraze bwize sou plizyè komenn nan depatman Gran Dans lan.

Rapò DPC fè sòti ayè Samdi 17 Dawou 2019 a ki chita sou yon bilan pwovizwa fè eta de plizyè domaj agwikòl nan divès komenn, san konte plis pase yon santènn kay ki gen yon stati “plat atè” patikilyèman nan zònn katye Fon Wouj. Tandiske nan zònn katye Bòd nan Jeremi moun te ka konstate yon bon kantite pye bwa barikade plizyè ri e yon demi douzènn kay ta detwi nan lokalite Dàm Mari kontrèman ak Koray ki genyen plis pase 10 kay ki anba dlo.

Gran Dans pat sispann pwan sakad pandan tout weekend nan. Responsab DPC yo ap fè bwas nan kad lamen fòt e yo detache plizyè ekip pou yon pi bon konsta dega yo.

Annatandan, otorite DPC yo raple popilasyon an, espesyalman sa yo ki nan zònn sispèk pou kontinye rete pentad pentad pandan ke yap aji avèk vijilans e responsablite fas a konsynn ou pwevizyon Unité Hydrométéorologique d’Haïti (UHM) ki estime ke li toujou pwobab pou Gran Dans kontinye resevwa anpil gwo poban lawosaj. Jacob Bendallahm, TRiboLAND

Leave A Reply