Selèb afwo-jaz mizisyen Manu Dibango mouri anba Kovid-19 nan peyi Lafwans

0 371

Pari____(TRiboLAND) Selèb afwo-jaz, mizisyen saksofònn entènasyonal ou Wà “Soul Makossa” a, Manu Dibango mouri nan peyi Lafwans a 86 zan akoz konplikasyon asosye avèk kowonaviris.

Dibango te pran nesans nan lane 1933 nan Dwala, Kamewounn. Li te antre nan peyi Lafwans nan ane 1949 kote ke li te venn rankontre avèk mizik jaz.

Yon mesaj te poste sou paj Facebook ikonn mizik mondyàl la semènn pase, endike ke “Dibango ap reprann li anba kowonaviris la; e li pa ka tan pou wè nou ankò, e nan moman twoub sa yo ke nou tout ap fè fas, swete ke nou pran swen tèt nou,” dapwè mesaj la.

Antèman ikonn Kamewounè ap genyen yon karaktè pwive, dapwè sa kap li sou paj Facebook atis defen an.

Leave A Reply