Mysterline Cléonard ki genyen 16 lane kòm laj, akouche yon bébé ke yo vòlè lopital Sentantwann Jeremi an.

109
0
Share:
TRiboLAND

09/09/2026

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Endividi pèsonn pa idantifye pote ale premye bebe yon ti lèzanj ki rele Mysterline Cléonard, yon minè 16 lane ki arive akouche nan matènite lopital Sentantwann nan Jeremi. Viktim lan ki pa sispann kriye lajounen kou lannwit, mande responsab sante yo nan Jeremi pou fè li jwenn pitit li ke li bay nesans jounen ki te mekredi 2 septanm 2026 lan nan lopital la.

Nan kad dosye volè bebe lopital Sentantwann Jeremi an, direktè depatmantal sanitè Grandans lan, doktè Pierre Bourtroce Gally, deja mande lapolis ak lajistis pou louvri yon ankèt serye pou chèche tout moun ki enplike nan anlèvmam bebe Cléonard a; mare yo kon krab e pini yo kòm sa dwa.

Share:

Leave a reply