Sèvis Dijans Lopital Imakile Konsepsyon nan Pòdpè fèmen pòt li pou kontaminasyon kovid-19

397

Pòdpè____(TRiboLAND) Direksyon sèvis ijans L’Hopital Immaculée Conception (HIC) nan Pòdpè fèmen pòt li pou yon ti bout tan akoz kontaminasyon. Yon sous kredib e anonima rapòte TRiboLAND ke sèvis dijans pa operasyonèl depi yè Lendi 25 me 2020 an akoz yo vinn dekouvwi yon malad ki tap pran swen pou plis pase 7 jou nan ijans fè kovid-19.

Enfòmasyon TRiboLAND poko ka verifye fè eta de 2 Doktè ak yon gadyen ki ta enfekte; yon sitiyasyon ki pral genyen gwo konsekans sou ti miyèt sèvis ke popilasyon an te deja ap jwenn nan redi akoz absans resous ak enfwastrikti medikal nan depatman Nòdwès la.

Fas ak yon sitiyasyon parèy, responsab HIC yo trouve yo nan obligasyon pou kadnase sèvis pap padap la annatandan yo pran dispozitif nesesè pou remanbwe sèvis sa la. Nap raple, HIC, se dezyèm antite nan depatman an ki enfekte apwè Direksyon Sanitè Depatman Nòdwès ki sot fè 3 jou fèmen pou rezon kontaminasyon.

Comments are closed.