Gang ak sapat yo nan depatman Lwès peyi Dayiti kontinye fè popilasyon an kouri kite lakay yo anba gwo kout zam

886

03 – 04 – 2024

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Popilasyon an nan depatman Lwès peyi Dayiti kontinye ap monte yon maswife. Gwoup gang sangwen ame jis nan dan ak gwo zam manch long, pete ouvè kout zam dèyè divès rezidan ki t ap viv nan Dèlma 24, 26 ak 28, jounen lendi 4 mas 2024 la.

Sityasyon tansyon sa a, lakòz plizyè kretyen vivan pran bal e kouche sou kabann lopital, san konte divès lòt ki deja epapiye k ap chèche refij pasi pala.

Enfòmasyon ki rive jwenn nou nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND ta fè kwè, bandi yo deja mete dife nan plizyè kay ak edifis piblik nan Dèlma. San konte inik estad peyi a, Sylvio Cator, ke enfòmasyon yo fè kwè k ap dodo meya anba flanm dife.

Konsa, anpil sitwayen ayisyen kap pase tray, mande peyi zanmi ènnmi Ayiti yo, kap founi gang yo zam pa lanmè dèyè Village de Dieu, genyen tikal pitye pou yo!

Comments are closed.