Lanmò George Floyd pa kite yon atis peyi Dayiti, pwemye repiblik nwa endepandan an endiferan

385

Pòtopwens____(TRiboLAND)  Lanmò George Floyd endinye pèp nan anpil peyi atravè planèt la,  pami yo ou jwenn yon atis atravè peyi Dayiti, ki se pwemye repiblik nwa ki te batay pou kapote lesklavaj.

Konsa, atravè yon supèb “master piece” skulte avèk men yon jeni ayisyen, Woody Caymitte alyas “Filipo”, pwofesè skulti nan ENARTS an Ayiti, estime ke se mèyè fason pou non sèlman imòtalize viktim nan men tou pou montre kouraj nwa yo ak glwa yo sou yon planèt rasis.

Zèv Woody Caymitte la fè fyète peyi Dayiti! Li entèpele konsyans ak fasad imen lakay tout kalite ras yon fason pou eradike diskriminasyon, enjistis, ak imilyasyon kont nwa yo nan lemonn espesyàlman nan peyi etazini.

George Floyd, se yon afwo-ameriken ki mouri toufe e minote nan moman yon polis blan nan Minneapolis te chwazi tou senpleman peze kou George ak jenou li pandan plis ke 8 minit jis kaske li mouri.

Si gouvènman Etazini ap trete pwòp sitwayen afwo-ameriken lakay li nan eta sa a; ou ka imajine nan ki eta avèk depi kilè yap mete jenou yo sou kou pwemye repiblik nwa a.

source: https://www.tripfoumi.com

Comments are closed.