Reyaksyon ansyen konsil ayisyen, Jean Baptiste Bien-Aimé sou depòtasyon kap fèt sou ayisyen Sendomeng yo

944

11-20-2022

Wanament, Ayiti __(TRiboLAND) Ansyen konsil ayisyen nan pwovens Dajabón, Jean Baptiste bien-Aimé pwononse l sou move trètman konpatriyòt ayisyen yo ap sibi anba men Repiblik Dominikèn dènye jou sa yo.

Pou ansyen konsil la, genyen yon vag depòtasyon san pa gen okenn otorite ayisyen ki reyaji ni nan Misyon Diplomatik yo ki janm di absoluman anyen.

Mesye Bien-Aimé fè konnen se paske klas dominant Repiblik Dominikèn lan ki genyen prezidan aktyèl dominiken an, Luis Abinader ki pral retounen nan eleksyon, youn nan fason pou jwenn benediksyon majorite a se rive jwenn iltranasyonalis yo arive vote an favè li pandan lap leve kont migran ayisyen ki sou tèritwa panyòl la.

Pou Bien-Aimé, se yon estrateji administrasyon Abinader a mete sou pye pou devye atansyon pèp dominiken an kap pwoteste kont yon latriye pwoblèm tankou ensekirite ak ekonomik peyi vwazen-an ap konfwonte. Konsa, yo oblije ap kreye divèsyon atravè depòtasyon y’ap fè sou ayisyen an deyò la lwa menmsi ou ta legal nan peyi panyòl la.

Jean Baptiste Bien-Aimé ki se youn nan siyatè pwotokòl akò ant Repiblik Dayiti ak Repiblik Dominikèn nan mwa desanm 1999 nan moman li te konsil. Kidonk, pou li menm se yon desizyon politik yon fason pou Prezidan Luiz Abinader kapab repran pouvwa a.

Jn Simon Manex

Comments are closed.