Atis “Bourik the Latalay” ranni pawòl nan DCPJ tankou, mayi kap pete nan dife.

986

08-06-2023

Pòtoprens, Ayiti___(TRiboLAND) Wilkenson Kernizan ke tout moun konnen, sou non atis “Bourik the Latalay”, ke lapolis te arete nan parad Village de Dieu nan jou ki sòt pase yo, akoz nivo konplisite li nan choute videyo ak bandi yo, prezante devan kamera televizyon ak rezo sosyal yo nan DCPJ.

Nan moman seyans entewogatwa Bourik la nan DCPJ, atis animal la, san tire pye, pat mete dlo nan bouch li, pou li ranni pawòl bay ajan DCPJ yo, kote li deklare li jwe nan Village de Dieu, yon sèl fwa.

Poze Bourik la kesyon pou konnen, kòman li fè rive al jwe nan baz koure gang Izo? Bourik la reponn, se ak manadjè li tout planifkasyon yo te fèt, e se aprè li te fin resevwa menas lanmò bò kote moun kite rele manadjè li a, li ta pral oblije konfime lap vin jwe pou Izo nan Village de Dieu.

N’ap raple ou, atis Bourik the Latalay, se pa premye atis ki abitye al plengrennen plezi nan baz gang sangwen vilaj la. Sa pa gen anpil tan, yo ta pral dekouvri Tony Mix kap bay plezi andedan vilaj la, san konte divès lòt atis ki nan bonjan danse kole ak gang yo.

Malgre avoka Bourik la, Mèt Caleb Jean Baptiste, te pwomèt Bourik la pral libere akòz eta sante li ki pa fin kòdjòm, jis nan moman nap pale a, Bourik la toujou mare nan lakou DCPJ.

Comments are closed.