Yon dominiken mouri lakay yon medsen fèy nan Kòniyon Gran Bwa

384

Kòniyon, Gran Bwa____(TRiboLand) Responsab yo nan Kòniyon Gran Bwa, awondisman Kwa Dèboukè ap fè fas ak yon ka lanmò ki nesesite pwese pwese entèvansyon diplomat ayisyen ak dominiken yo: yon resòtisan dominiken mouri lakay yon Medsen Fèy.

Dominiken sa ke idantite li pa revele, te travèse lizyè yon fason pou boske tretman remèd tradisyonèl anndan peyi Dayiti. Konsa, resòtisan sa ki te soti nan zònn Los Piños nan repiblik dominikènn te pwezante sentòm ki tèt koupe ak sentom kowonaviris la arive mouri.

Resòtisan an mouri lakay yon Medsen Fèy swa dizan gerisè ki tap pran swen li ou ede fè fas kare ak kovit-19 la. Konsa, Majistra komenn Kòniyon an ki se Jean Balaguel Bertho, di ke li alète responsab sanitè ayisyènn yo yon fason pou detèmine koz lanmò dominiken an.

Comments are closed.