Kowonaviris: liyn moun fè kenken devan divès magazen pou kouri achte zàm nan peyi Etazini

0 368

Lòs Anjelòs___(TRiboLAND) Pwopagasyon kowonaviris la okazyone divès kote moun ap achte zàm. Konsa, Etazini ki pi touche anba Kovit-19 la nan Amerik Dinò, moun pa sispann wè liyn moun avèk yon ogmantasyon lavant zàm. Se egzakteman menm sitiyasyon an nan Kalifònya, Newyòk ak Wachentonn.

Nan yon medya Ostralyen, ki rele Nine News, gen piblikasyon yon videyo sou kont tweetè li yon liyn moun ki rete ap tann pou achte zàm devan yon magazen lokal ki konn vann zàm.

Pwofil achtè yo varye selon jan ke yo konprann kriz kap travèse lemon nan. Se petèt neofit oubyen veteran nan jere anviwònnman yo le gen kriz. Konsa, anpil moun pè ki sa ki kapab konsekans yo avèk pandemi a. Plizyè achtè konfime si tout fwa ta genyen ratman manje pandan kriz la, yap kapab pwè pou pwoteje fanmiy yo.

Daniel Lim, yon residan vale Sen Gabriyèl, ki nan zònn Lòs Anjelòs, konfime ke li achte yon zàm pou fanm li.

Leave A Reply