Selil siyantifik pou kovid-19 la rekòmande 2-3 semènn konfinnman

290

Pòtopwens___(TRiboLAND) “Kantite Kontaminasyon kovid-19 yo ap vale teren nan peyi Dayiti depi semènn pase”, sa se konsta chèf gouvènman ayisyen, Jouthe Joseph ekspwime nan yon bat bouch ke li te akòde kotidyen Nouvelliste.

PM Joseph gen anpil laperèz sou fason kantite moun ki afèkte yo ap pran jarèt nan yon vitès ki bay anpil kè sote; malgre li rekonèt aplikasyon konfinnman an trè difisil pou aplike akoz sitiyasyon sosyo-ekonomik la.

Jouthe rapouswiv pou li ekspwime enkyetid ke li genyen pou moun ki neglije pote mas nan peyi a. Li deklare malerezman pa genyen egzistans yon pwovizyon legal ki kapab kontrent sitwayen yo pote mas. “Nou senpleman kapab sansibilize yo”, dapwè PM Joseph ki tap depoze sou Nouvelliste”.

Bò kote selil siyantifik la, yon 2 ou 3 semènn konfinnman kapab ede pwogresivman kontwole pwopagasyon kowonaviris la; yon mèyè kle kou ki kapab anpeche l pran jarèt.

Comments are closed.