Asosyasyon Lopital Pwive Ayiti deside pote boure ak Leta pou ede konbat kowonaviris la

0 336

Pòtopwens___(TRiboLAND) Dapwè yon nòt ke li fè sòti yè Madi 7 Avwil 2020 an, Asosyasyon Lopital Pwive Dayiti anonse ke yo pral mete anplas yon komisyon kowòdinasyon ant asosyasyon an avèk diferan enstans etatik yo yon fason pou rann efektif desizyon responsab lopital pwive yo nan demach pou bay swen a moun ki atrape kovid-19 la.

Asosyasyon an swete wè yon bon kòkòday djanm ant Leta Ayisyen avèk yo nan kad yon bon pwiz anchaj ka kovid-19 yo. Nan nòt la ou jwenn yon latriye responsab lopital pwive, pami yo genyen pwezidan asosyasyon an ki se Franck Généus nan Lopital Advantis Dayiti ki rete kwè ke pwiz anchaj maladi kovid-19 yo se yon devwa sitwayen e se yon pwiyorite nan moman sa pou asosyasyon an bay popilasyon an swen sante.

Konsa, yo envite Leta pou dispoze mwayen finansye ak materyèl disponib ki kapab pèmèt ke yo jwe wòl sa byen e lib e libè.

Leave A Reply