Yon manm gang “Kokorat San Ras” ki te enplike nan asasina polisye yo nan Lyankou, jwenn arestasyon li

267
0
Share:
TRiboLAND

04-17-2023

Yvents Stephen Dorzilmas Marcel, ki se youn nan manm gang Kokorat San Ras kap opera ant depatman Latibonit ak Nòdwès jwen arestasyon li nan moman li te sou wout ap kandale desann Pòdpè, depatman Nòdwès.

Annafè a ki genyen 27 lane sou zo bwa tèt li, tap opera kòm manm aktif nan KSR, san gade dèyè. Li pran minòt anba men polisye Ench yo. Yo reproche li, pou asasinay yon latriye polisye.

Marcel, ki fè prizon deja, trouve li jounen jodia nan gadavu, kote ke lap rete tann swit jidisyè yo.

Share:

Leave a reply