Enjenyè Jean Paul Coutard pa sispann fè tande li nan fabrikasyon lòt modèl otobis

398

Pòdpè____(TRiboLAND) Nan moman Ayiti ap pran divès mepwi, Enjenyè Jean Paul Coutard pa sispann afiche fyète, potansyalite ak kreyativite sou yon tèritwa ki alagoni.

Yon lòt otobis pran nesans nan ankò, anba kout sizo Enjenyè Jean Paul Coutard. Se yon ti otobis 30 plas, chasi JMC, klimatize ak yon motè dizèl 4 silend. Ti otobis sa pa genyen bourad ekonomik leta ak sèktè pwive ladan. “Se yon opòtunite pou rann omaj a papa mwen ki kite trafik la depi 1987”, dapwè Coutard ki tap esplike “Le Nouvelliste”.

Coutard konfime ke ti otobis sa ki se yon bijou, pral asure trajè ant Pòdpè ak Sen Lwi Dinò; li pral youn nan otobis konfòtab ki pa janm egziste sou wout sa. Modèl machenn yo konstwi inikman pou anviwònnman ayiti a. Konparativman ak otomobil enpòte yo, modèl Coutard yo san parèy e yo dure pi lantan nan tout nivo.

Coutard fè etid li nan nivo fabwikasyon otomobil nan peyi Kanada. Depi 2010, li lanse li nan konstwiksyon otomobil nan sousi pou modènize transpò komen an nan peyi Dayiti. Li se yon fyète nonsèlman pou Sen Lwi Dinò ak Nòdwès, men sitou peyi Dayiti.

Comments are closed.