Prizon li ye Tonton! Direktris CAS la, Madam Edwine Tonton pran nan nas Lajistis pou kòripsyon

1,497

04-25-2023

Direktris Jeneral Kès Asistans Sosyàl (CAS), Edwine Tonton jwen arestasyon li jodi madi aprèmidi 25 avril 2023 a pou ejeretyen ou kòripsyon ak trafik enfliyans.

Aprè arestasyon kontab CAS la, Pierre Richard Valles nan kad zafè kòripsyon oud wat long siperyè; fwa sa se direktris Edwine Tonton ki ta sanble pran nan nas lajistis ayisyèn egalman.

Anba enstriksyon jij Jean Wilner Morin, Madan Tonton ta pral trouve li nan prizon, kèk titan aprè odisyon li ki te chita sou yon latriye gro kesyon tèt chaje. Konsa, annafè a ta pral trouve li fas ak “antre pa sòti”, kote ke Jij Morin te òdone Man Tonton antre tèt dwat nan prizon.

Nap raple, Madanm Tonton ta sanble ap souse manmèl pòs Direktris Jeneral CAS la, depi lè demach ak enfliyans sè li, Rosemila Petit-Frère te arive fè yo nome li nan mwa novanm 2021 e enstale 8 desanm 2021 egalman.

Comments are closed.