PNH la prezante yon nouvèl Inite nan Latibonit.

1,520

Brigad entèvansyon (BI), se non yon nouvèl estrikti ki pran nesans anndan PNH la nan Latibonit.

04-07-2023

Gonayiv, Ayiti____(TRiboLAND) Lapolis Nasyonal nan peyi Dayiti pap dòmi nan dènye jou sa yo. Estrateji ap miltipliye, nan kad mete sou pye divès Inite kap pran nesans; konsa, sa pèmèt PNH la rann lavi gang yo enposib, atravè 10 depatman jewografik peyi a.

Konsa, wo responsab Polis Nasyonal Dayiti yo nan depatman Latibonit lan, prezante bay popilasyon an, yon nouvèl Inite toulimen ki pote non “Brigad Entèvansyon” (BI), nan lide pou ede popilasyon an nan Latibonit fè fas kare ak fenomèn gangsterizasyon an ki rann lavi peyizan yo enposib.

Li enpòtan pou konnen, yonn nan pi gwo fwaye gang peyi Dayiti pa janm konnen aprè depatman Lwès la, se depatman Latibonit kote gang Savyen ap feraye e miltipliye krim.

Comments are closed.