Jij depè Wozo a arete enjenyè Sony Flerancier kom moun ak direktè depatmantal travo piblik Grandans lan ki finn dechèpiye plan asfalt Grandans lan.

928

09 – 26 – 2023

Wozo, Ayiti____(TRiboLAND)
Apwè denonsyasyon manm popilasyon an nan komin Wozo kont direktè depatmantal travo piblik Grandans lan, Fanfan Decime ak tout reselè enjenyè Sony Flerancier, kòm 2 responsab fim HENKE ki ta sanble ap volè pyès nan gravèl prezidan Jovenel Moise te enstale bò rivyè Wozo a, pwezime enjenyè kriminèl la ki pa renmen peyia jwen arestasyon li.

Jij depè Wozo a, Mèt Ferdinand Nadèl sou demand delege depatmantal la, Louissaint Cezar ak manm nan popilasyon an, pwosede ak arestasyon enjenyè Sony Flerancier, e mande direktè depatmantal travo piblik Grandans lan, Fanfan Decime pou rete a dispozisyon lajistis.

Enfòmasyon yo ta vle fè kwè ke enjenyè eskanmòtè ta akize direktè depatmantal travo piblik la kòm moun ki te otorize li al vòlè pyès nan izinn Leta a, yon fason pou yo te al fè pwòp izinn pa yo; yon pwatik ki pa depaman ak sa richyen ak politichyen santikri yo, ki pa ayisyen ap komèt pandan yon bon bout tan atravè peyia.

Comments are closed.