Jovenel Moise gen pou li kominike ak Pwezidan Malgach la sou CoviOrganics la

187
0
Share:
TRiboLAND

Pòtopwens____(TRiboLAND) “ Apati vizyon konferans Pwezidan Jovenel Moise ap gen pou kominike maten an vè 10:00 am avèk Pwezidan Madagaska a, Andry Rajoelina.

Antretyen sa gen pou wè avèk eksperyans malgach yo nan jere kowonaviris la ak rezilta CoviOrganics ki se yon tizann malgach yo pwopoze ki kapab geri ak pwevni kovid-19 la”, dapwè Pwezidan Jovenel nan yon twit ke li fè sòti.

Konsa, tizann sa ki deja soulaje anpil peyi nan Kontinan Afwiken an, bay bon jan rezilta e atire atansyon otorite ayisyènn yo. Anpil peyi tankou, Senegal, Zimbabwe ak Gine Ekwatoryàl te deja resevwa divès kontenjan pwodwi CovidOrganics malgach la avèk anpil satisfaksyon.

Kidonk, sa fè kèk tan, kantite ka konfime kovid-19 yo pa sispann moute balkon nan peyi Dayiti. Jiska dat, Ayiti genyen 533 ka konfime; pami yo ou jwenn 21 mò, ak 21 geri.

Share:

Leave a reply