Vòl bèf pa sispann mete peyizan yo ajenou nan komin Senlwidinò

1,535

07-06-2022

Senlwidinò, Ayiti_____(TRiboLAND) Endividi pyès moun pa rive idantifye vòlè 8 bèf ti peyizan nan lokalite chamwaz 6èm seksyon Lafag, nan komin Senlwidinò.

Peyizan yo pa sispann moute kalvè nan sa ki gen pou wè avèk vòlò bèf kap opere kè poze nan divès rejyon komin Senlwidinò. Sa gen plizyè lane depi bandi san fwa ni lwa pa kite yon kòd bèf nan men peyizan yo.

Konsa, byen bonè jodi mèkredi 6 jiyè 2022 a, polis minisipal nan Senlwidinò konsiyen yon bèf ki tap travèse lari a san papye. Se konsa, yon veterinè ki pote non Tikanè pat pran tan pou kouri fòje yon kanè ke leta egzije nan sa ki genyen pou wè ak vann ou achte zannimo.

Antouka, kanè a fèt bwit sou kou: li pa genyen oken enfòmasyon sou moun ki achte ou moun ki vann. Nimewo etanp ki sou kanè a pa koresponn ak sa ki sou bèf la, e menm zanno zannimo a ke leta egzije pa egziste. Konsa, Tikanè ta sanble li pran nan roulo!

Daprè kazèk 6èm seksyon an, Jozuè, vòlè bèf se yon gro endistri ki genyen nan tèt li anpil chèf gang kap fè e defè nan diferan kwen nan seksyon yo. Se yon kansè ki apovri pi plis toujou peyizan yo.

Comments are closed.