Manm opozisyon yo manifeste an gran panpan nan Pòdpè malgre manda darè komisè gouvènman an

302
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè__(TRiboLAND) Manif lan kòmanse e fini nan vil Pòdpè, sou wot sekirite lapolis san ankenn ensidan.  Manm opozisyon an nan Nòdwes felisite popilasyon an pou patisipasyon yo malgre lapli e yo kase yon lòt fwa ankò randevou pipirit chantan pou Lendi 07 Oktòb 2019 si tout fwa Msye Jouvenel Moise pa kite pouvwa selon 2 mann nan opozisyon an ki tap pwan lapawòl nan manif lan kite gen plizyè milye moun.

Me Kerly Dubréus Ak Paul Élie Faustin ki voye yon gwo kout chapo yon lòt fwa ankò bay popilasyon an kite voye nan yon kwen manda nad marinad Komisè Jean Volney Bellamin an, te manche-l kon mèt Jan Jak pou-l te al boske apepwè 18 mamb opozisyon an kite gen manda malè pandye Bellamin sou tèt yo.

Manm nan opozisyon Nòdwès la detèmine ke yo pap tolere yon ganstè tankou Jovenel Moise rete sou pouvwa-a. Yo rapouswiv pou yo di, yon Jovenel Moise ki fè fòtenn nan depatman an, pa menm arive konstwi menm yon latrenn pou nou pa di yon lekòl nasyonal, dapwè Me Kerly Dubréus ki pat ezite kalifye Jovenel kòm yon nul ki pa menm repwezante yon zewo. Kesyone sou zafè manda dare Me Bellamin an, Me Dubréus kalifye Me Jean Volney Bellamin kòm yon ti komisè wòwòt ke pèp la tap chèche tankou chyen fou lavi-la ki pat janm parèt pou te venn egzekite manda chada ki te sible arestasyon plis pase 18 militan manm opozisyon an nan Nòdwès.

Antouka, manm opozisyon yo deklare wè pa wè, chak jou yo detèmine pou yo nan lari yon fason pou lage koukouwouj dèyè Jovenel ak tout yon ekip asasen ki dechèpiye Nodwès nan vòlè 41 milyon renovasyon ibènn plis 5 milyon plan espesyal.

.

Share:

Leave a reply