Pòdpè: yon mòg simen gwo panik nan vil la ak yon mò abandone nan yon machenn

0 377

Pòdpè___(TRiboLAND) Gwo van panik ak endinyasyon soufle nan mitan popilasyon Podpè a jodi Mèkredi 13 Me 2020 byen bonè nan maten: yon machenn depoze devan antre Lopital Imakile Konsepsyon ak yon mò blayi toutouni anfle e ap gate.

Selon korespondans TRiboLAND yo, ta sanble yon ponp funèb ki pote non “Mòg Gelin” ki plase nan Lakoup, e ki gen pwoblèm elektrisite deside al depoze yon kadav ki tap gate nan men li nan Mòg Lopital Imakile Konsepsyon nan Pòdpè. Konsa, administrasyon lopital la te refize asèpte kadav la, akoz ki tap anfle ak move odè ke l te deja ap degaje. Finalman, chofè Mòg Gelin an te deside kite machenn nan ak tout mò a devan antre lopital la.

Konsa, popilasyon an te tèlman estomake, ke parèy jidisyè te oblije kouri sou tèt pou vinn fè konsta legal. Konsa, otorite yo te remèt kadav la bay fanmiy li ki te deja nan diskisyon ak mòg iresponsab la nan Lakoup, yon katye residansyèl nan vil Pòdpè. Nap raple, Jean Garry Jean, se non defun an, ki te yon gwo komèsan zangi nan Pòdpè.

Pou anpil moun, pwezans otorite ki pa genyen nan vil la, ki fè yon moun pa pè ni krent pou poze yon krim parèy nan figi moun. Sitwayen yo deklare, se pa pwemye fwa Mòg Gelin an ap pase anba pye diyite moun ki mouri nan kalite sèvis ke yo ap bay; yo arive ap fonksyone san bon jan ekipman nan rakèt ak sèten otorite nan vil la ki otorize yo pèmi lib e libè. Ayiti efondre!

Leave A Reply